Lap kòmanse mèkredi 2 novanm a midi epi fini samdi 5 novanm a 1h.
Objektif inisyativ sa a se entegre kek prinsip sentwopik ki deja bay bon rezilta nan peyi Brezil ak kèk nan pi bon pratik agrikòl ke nou ka jwenn Ayiti. Nou kwè ke lè nou brase lide yo ansanm, nou ka kreye solisyon ki ka ede kiltivatè yo e ki ka ameliore pwodiktivite tè a .
Lè atelye sa a fini, chak etidyan pral konprann prensip debaz nan agrikilti sentwopik la epi yo pral kapab tounen lakay yo pou yo fe yon jaden sou menm modèl lan.
Pandan fomasyon an Nou pral travay nan jaden men n ap gen leson nan klas la tou pandan mwatye jounen an. Donk, pote bòt travay, prepare w pou w swe men konnen ap gen bon jan leson teyorik tou . Modèl agrikilti sentwopik sa a bay bon rezilta pou moun ki vle konsantre sou rekòt yo(fwi/bwa), sou mache a(agrobusiness) e sou silvopastoral la (bèt).
Moun ki vle sèvi ak modèl sa a pou elaji rekòt yo dwe aksepte chanje pratik e pran kèk risk, kòm pou kounye a se yon metòd eksperimantal.
Ap gen sipò kap bay apre atelye a pou asire gen siksè atravè yon gwoup Whatsapp.Entansyon an se bati yon rezo k ap ka favorize yon echanj alontèm. N ap fè visit de fwa pa ane tou pou ede patisipan yo aplike prinsip sentwopik yo avek siksè.
Selman se moun ki demontre yon bon nivo aplikation nan sentwopik la k ap elijib pou yon visit. N ap gen kèk kondisyon pou nou obèrve:
Kondisyon pou patisipan yo:
- Depoze yon demand, jwenn yon ako ekri e peye frè patisipasyon an.
- Gen aksè ak dwa sou yon tè pou pliziè lane.
- Dispoze pou pran kèk risk paske chak jaden gen pwop pwosesis eksperimantal pal.
- Kapab fè tout travay agrikilti (labouraj, plante, sarkle, elatriye)
- Peye tout frè k ap nesesè pou realizasyon jaden an.
Anvan ou ale, li trè enpòtan pouw gade videyo sa a epi li gid sa a tou:
Videyo: Life in Syntropic in English Life in Syntropy in Kreyol
Gid: Abundance Agroforestry in English Agrikilti Sentwopik (nan Kreyol)
Pou moun ki envite yo, yo pral bay plis detay, tankou direksyon vwayaj ak enstriksyon preparasyon yo. Plas ou a ap konfime, sèlman apre ou fin peye $100 a. Peman an pa ranbousab. Se yon maksimòm de 40 moun ki kap patisipe nan atelye sa a.
Biyografi Enstriktè yo:
Roger Gietzen se papa yon fanmi, se yon doktè medikal e yon travayè imanitè ki enterese espesyalman nan la sante konplèt ak rejenerasyon agrikilti. li konsakre lavi li nan linite a Bondye. Aprè li te vin an Ayiti pou sèvi moun ki pi pòv yo, li te kreye Pwojè Libète Global, non likratif(san fè lajan). Depi 2016 li ap travay sou yon pwogram edikasyonèl pou ede gaye bon konprann agrikilti sentwopik la bay nan mitan kiltivatè ak fanmi yo an Ayiti.
Mauro Rosito se papa yon fanmi, se yon travayè imanitè e yon kiltivatè ki gen plizyè ane eksperyans nan aplikasyon dirèk agrikilti sentwopik. Li te jere yon biznis jaden dirab sou yon tèren fanmil genyen nan Sid Brezil. Yon ti tan apre li te rankontre Roger, li te deside rantre nan ekip la an Ayiti epi pote ekspètiz li “sou tab la” nan ede kreye pwogram edikasyon sa a. Li gen yon pasyon espesyal pou kilti kakawo a.
Paraguai Ferreira se papa yon fanmi, se yon agroforestye e manm fondatè nan koperativ echèl siksè ti kiltivatè ‘, ki gen lyezon ak Mouvman Travayè ki pa gen tèren yo (MST) nan Brezil. Li gen plizyè ane depi lap fè yon bon travay nan devlope e jere sistèm sentwopik pou koperativ la. Li renmen pase jounenl yo bò kot vwazen l ‘yo, ak manch rad touse, kap travay epi kap amelyore tè a.
Harvey Smith se yon ayisyen ki leve Bèljik. Li se yon etnològ ki pasyone mizik e ki renmen agronomi anpil. Aprè yon karyè 15 ane nan ansèyman Bèljik li deside kite lot bò pou li antre Ayiti vin plante pye bwa e chache lavi li nan agrikilti. Aprè yon fomasyon Jakmel ak Roger e Mauro li deside aprofondi nosyon teorik li te aprann pou li ka sipote ekip la nan partaj prinsip agrikiliti ki nouri tè a
Nan foto ki anba a: Roger, Mauro, Paraguai ak Harvey